La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Jesyon sanitè gwo katastwòf yo
François Grünewald

Nou dwe, pou moun ki mouri yo, blese ak sa ki soti san frapman yo, pran leson epi fè yon bilan kritik apre chak gwo aksyon imanitè. Nan domenn lasante, Oganizasyon Panamerikèn Lasante (OPS), sou inisyativ Doktè Claude de Ville de Goyet, te pran tèt yon egzèsis enteresan pou ede aktè fè parèt leson yo ansanm. Analiz repons medikal twa premye mwa apre seyis la, parèt an angle avèk OPS ak yon rezime nan lang franse te pèmèt yon bon brase lide sou ansanm eleman ki pi enpòtan nan repons lan.

Nan yon peyi kote sistèm lasante a fèb, jan l ye a, li endispansab pou gen yon enplikasyon tout bon vre nan kòwòdinasyon ak nan operasyon yo. Sa vle di fòk gen analiz rapid, avalyasyon kapasite kowòdinasyon an (san bliye montre kijan li te sibi dezas la) epi wè kijan pou soutni li nan wòl li a « pilòt nasyonal ».

Anje teknik repons lan lye anpil ak enpak katastwòf la, sa vle alòs kalte sitiyasyon ki parèt la. Enpak yon sounami pa menm bagay ditou ak yon seyis oubyen yon katastwòf ki pran tan pou l reyalize. Fòmil bay kit yo « tou pare » pa reponn ditou.

Anje ki sèlman medikal repons gwo ijans lan konplèks anpil men sa ki pi enpòtan an rete tan pou blese yo rive nan pòs kote sekou yo disponib. Keksyon premye sekou pou mete tout bagay anplas yo, jès pou jere ris « crush syndrom » pou distribisyon moyen pou evakye yo enpòtan anpil. Menm jan li enpòtan tou kapasite teknik e sykolojik pou idantifye ak enfòme epi rekonfòte fanmi moun ki pa jwenn nan entèvansyon ijans yo. Yo te pran desizyon pou antere kadav yo byen vit. Li rete pou jere enpak sosyal ak kiltirèl absans dèy ki touche anpil fanmi. Pou yon fwa, gwo deklarasyon sou epidemi apre deszas pat reyalize, menm si yon pakèt kò te rete lontan anba dekonm yo.

Jesyon enfòmasyon yo se yon travay fondamantal, non sèlman pou rezon medsin legal, men tou pou suivi pwosesis transfè yon seri ka soti nan yon estrikti pou ale nan yon lòt pou remete an plas pi vit sistèm suivi sanitè ki enpòtan pou jan gen yon gwo konsantrasyon moun nan yon vil kote anviwònman sanitè ak asenisman degrade anpil epi kreye defakto yon seri « efè pèvè » pou sante piblik la. Sa dwe kontribye tou pou evite yo fè move chwa medikaman epi tou materyèl medikal ki pa gen itilizasyon, men pito ki pran anpil plas nan depo yo epi tou destriksyon yo koute lajan. Peyi donatè yo ki pa avanse nan domenn sa a ta dwe aji vit pou mete sou pye « kòd lwa nasyonal ».

Gwo katastwòf sa yo gen pou wè ak yon bann aspè nan sosyete yo, san konte sekirite alimantè ak ekonomik (anje nitrisyon), eta mantal (anje siko-social) ak yon seri konpòtman (ogmantasyon vyolans, san bliye sa ki lye an patikilye ak rapò fanm ak gason). Tout aspè sa yo patisipe nan degradasyon kondisyon sante moun yo e diminye aksè ak yon bon jan sistèm sante. Yon analiz jenreral aksè ak diferan sèvis yo (dlo, lasante, edikasyon) ak aktivite ekonomik enpòtan anpil. Analiz sistemik sa a vin pi difisil ak ogmantasyon san rete sektè èd yo. Entèdisiplinarite et milti-sektoryalite, bon kowòdinasyon ak enstitisyon nasyonal yo, se ap yon seri eleman pami sa ki pi enpòtan pou bon jan ronpons demen nan moman gwo katastwòf an Ayiti tankou lòtbò dlo. .