Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt obsèvatwa Ayiti 3 | Katye Bristou ak Boben fas ak desten yo (Ant ijans lan e rekonstriksyon an)

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Katye Bristou ak Boben fas ak desten yo (Ant ijans lan e rekonstriksyon an)
Richener NOEL, Jen 2012

Bristou ak Boben se de pami katye nan rejyon metwopoliten an ki te konnen yon gwo boulvèsman apre seyis 12 janvye 2010 la. Anvan seyis la, de katye sa yo t ap viv, se vre, yon sitiyasyon lamizè, men lavi a te sanble « nòmal », san twòp tansyon ant moun yo ; popilasyon an pa t sibi vyolans ki lye ak aksyon gang yo, ak efè twoub politik dènye lane yo, kontrèman ak jan sa te konn fèt nan kèk lòt katye popilè. Ak plis pase 35% kay ki pran frap, anviwon 40% nan abitan yo te vin gaye nan 15 kan. Jodiya, plis pase de lane apre, bilan repons imanitè ki te swiv la sanble pozitif, prensipalman nan aksyon « Architectes de l’urgence » ak « Solidarités International », yo menm ki te reyalize yon dokiman ki rele « Pwofil katye Bristou ak Bobin » ki sèvi pou reyalize atik sa a. Men dezangajman aktè etranje yo mete sou tab la yon seri pwoblèm ki rete san solisyon. Sa ki pi difisil, moun yo pa t janm genyen nonplis kalite enkyetid sa yo sou avni yo. Atik sa a fèt nan kad pou anonse rechèch « Anviwònman ak rekonstriksyon nan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan » Groupe-URD ap gen pou reyalize.

Bristou ak Boben : yon ansanm katye/kan ak envansyon yon gouvènans kominotè Katye Bristou ak Boben twouve yo nan nòdès sant Péyonvil, ou ka jwenn yo prensipalman si w pase pa Pegivil. Yo pote de non diferan, men yo sitiye youn akote lòt, yo gen prèske menm pase epi menm reyalite sosyal. Anjeneral, yo konn fè de non yo tounen yon sèl non konpoze Bristou-Boben oswa Bristou & Boben. Sou plan espasyal, de katye yo, 15 ekta sifas [1] , gen limit yo byen trase ak pi gwo ravin nan zòn nan ki rele Ravin-Bristou, nan nò ak lwès, ki sèvi kloti. Nan pati lès ak sid, limit yo pa tèlman vizib, men gwo mi ki pwoteje bèl vila toupre yo pèmèt nou sezi yon fwontyè ki byen trase nan nivo sosyal, ki fè dapre nou katye/kan Bristou-Boben an idantifye l yon fason espesifik ak bidonvil li fòme a. Moun ki ap viv nan katye sa yo ta sanble nan menm kondisyon : yon pòtre banlye ki fèt ak yon bann kay mizerab ak yon seri kan ki fèt san aranjman kote yon bann moun ap viv nan yon mizè byen klè, byen vizib.

Katye sa yo gen anviwon 4, 750 fanmi (plis pase 20 000 abitan), pami yo 40% te blije vin viv nan kan apre seyis 12 janvye 2010 la. Pa t gen twòp viktim (si nou fè konparezon ak lòt katye, pou nou byen di) ; anviwon 20 ka lanmò ak yon santèn blese, dapre yon responsab òganizasyon kominotè. Nan yon kontèks kote aktè èd yo prale, deplase yo ta dwe pi vilnerab ak efè negatif chòk sosyoekonomik katastwòf la koze. Sitiyasyon abitan sa yo ta dwe ankò pi di lè se moun ki nan sitiyasyon andikap fizik, òfelen, fanm ansent, fanm ki chèf fanmi ak moun ki soufri maladi dirab (VIH/SIDA, kansè, dyabèt, ets.). Responsab kan sa a pa anmezi pou kounyeya pou evalye ak presizyon nivo vilnerablite ka espesifik sa yo. Yo dakò etid ki ta gen pou fèt alavni ta dwe fè wè efè reyèl èd imanitè a sou lavi kategori sa yo, epi konpare ak yon seri endikatè klè kondisyon sosyoekonomik yo ant de peryòd sa yo : avan ak apre seyis la.

Bristou-Boben gen menm karakteristik ak katye enfòmèl pòv oubyen ki fèt san planifikasyon nan Pòtoprens yo. Sa vle di anvan menm seyis la, moun yo t ap fè fas ak anpil kontrent, sitou sa ki makònnen ak salte, tout kalite mank, absans oubyen move sèvis leta bay epitou konstriksyon mizerab. Seyis la vin sèlman konplike sitiyasyon an. Nan yon senp koutje, ou ka wè kay yo konstwi san okenn prensip epitou sou pant ki pa ka sipòte konstriksyon yo, sa ki esplike gwosè dega materyèl yo nan seyis la. Apa kay ki tonbe nèt yo (nou pa gen chif sa a), 15% pou san nan sa ki rete yo te dwe kraze (make ak koulè wouj), 20% te sibi domaj nan yon pati epi te bezwen reparasyon oswa ranfòsman (make ak koulè jòn), 40% te byen reziste e moun ta ka antre ladan yo san pwoblèm (make ak koulè vèt), epi plis pase 20% pa t sibi evalyasyon Ministè Travay Piblik. Transpò ak Kominikasyon (TPTC) [2] . Yon lane apre seyis la, fevriye 2011, plis pase 60% kay yo pa t gentan touche nan pwosesis reparasyon an. Nan plis pase 30% ka yo, se fanmi yo, yomenm ki t ap travay pou rekonstwi lojman pa yo. Pou kounyeya, yo pa aktyalize enfòmasyon yo, pa gen enfòmasyon sou kantite kay ki repare, ni ak ki mwayen yo finanse reparasyon sa yo. Men, enfòmatè yo fè konprann gen yon gwo dinamik otorekonstriksyon nan katye sa yo.

Bristou ak Bobin fè pati katye sa yo nan Pòtoprens ki jwenn sèvis nan men otorite lakomin ak sila ki nan leta yo. Pou nou di plis, sèl eli, delege vil , ki reprezante katye nan asanble minisipal la, pa genyen yon wòl administratif, men pito konsiltatif bò kote Meri yo. Epoutan, meri a limenm pa t ka reponn ak bezwen abitan yo. Kidonk gouvènans lan te plis kominotè, pa mwayen yon seri òganizasyon. Pami yo, nou jwenn : Komite pou devlopman kominotè Bristou (CODCOB), Inyon Tèt ansanm pou Devlopman Boben, Mouvman Jèn Ini pou Devlopman Petyonvilwa yo (MOJUB). Apre seyis la, yon lòt estrikti-platfòm te vin parèt, li te gen ladan komite diferan kan yo. Estrikti sa a ki pote non Komite Kowòdinasyon Jeneral Bristou-Boben (CCGBB) te ranfòse epi te tounen prensipal kanal pou distribisyon èd imanitè nan katye ak kan yo. Kounyeya, li ranfòse tèt li ak sipò Sant Resous Kominotè a (CRC) ki fenk fèt. CCGBB jwe yon wòl entèlokitè ak fasilitatè bò kote entèvenan yo nan de katye yo. Nan sa l rive fè, li te batay pou reyalize yon bann travay pou byen kominote a, tankou betonay kèk ri, mete anplas lanpadè solèy, òganizasyon aktivite kiltirèl ak espòtif, jesyon tèren espòtif la, ets. Nou ka di gen yon gwo dinamik kominotè nan Bristou-Bobin.

Komite Kowòdinasyon an gen pwojè pou lanse yon lòt resansman pou l ka genyen bon jan done sou sitiyasyon ak kantite moun ki ap viv nan kan yo. Pou nou di plis, depi seyis la, gen yon dinamik migratwa nan katye ak kan Bristou yo. Anpil moun, pami yo, yon seri ki te jwenn èd pou repare kay yo ak yon lòt seri ki te òganize tèt yo poukont yo, te kite kan yo ; nan menm tan an lòt moun ki te kite kan nan Petyonvil ak nan zòn metwopoliten an fè mouvman kontrè a, lè yo vin enstale yo nan kan sa yo. Ta sanble tou gen lòt moun pòv ki pa t viktim nan seyis la ki ta vin abrite yo nan kan sa yo tou. Antre soti sa yo rann travay konte moun ki ap viv nan kan sa yo difisil anpil [3]

Fòk nou di pwojè relokalizasyon ki ap fèt kounyeya nan rejyon metwopoliten an pako touche katye/kan Bristou-Boben an. Pou kounyeya, rete ankò yon douzèn ti piti ak mwayèn kan (ant 50 ak 400 fanmi), epi sila ki fèmen yo se ak granmesi efò deplase yo, yomenm. « Pwosesis pou relokalize fanmi yo pako touche Bristou-Boben. Nou pa anmezi nonplis pou nou di si yo ap vin touche katye a. » Enfòmatè yo pale sou yon sipò Biwo Nasyonzini pou Sèvis k ap Apiye Pwojè (UNOPS) bay nan reparasyon yon seri kay.

Kèk responsab kominotè kritike kèk aktivite reparasyon kay yon seri òganizasyon entènasyonal fè, ki olye pou yo ta pèmèt diminye yon bon kantite moun ki nan kan yo, fasilite yon seri moun twonpe pwosesis la. Yo site yon seri ka kote kèk moun ki benefisye reparasyon kay yo chwazi rete nan kan yo, epi lwe kay sa yo ak lòt patikilye. Nan lòt ka, yo lwe shelters yo epi yo rete anba tant yo. Patisipasyon Komite kowòdinasyon nan pwojè sa yo ta ka, dapre yo, pèmèt yon pi bon suivi epi sa t ap ede diminye piplis kantite moun ki nan kan yo, ak menm mwayen ki envesti yo. Fason tout ONG yo aji pa parèt efikas ak efisyan, dapre menm enfòmatè sa yo ki kite nou konprann òganizasyon lokal yo ap obsève tout ti detay nan aksyon ONG yo.


[1] Done nou itilize nan dokman sa a soti nan « Pwofil katye Bristou ak Boben », Architecte de l’Urgence et Solidarites International, avril 2011. Gen kèk responsab kominotè ki bannou bonjan enfòmasyon tou.

[2] Chif sa yo se done segondè, ki soti nan ankèt « Solidarités International ak Architectes de l’Urgence » bò kote fanmi yo, se pa kay yo nou te konte.

[3] Yo te fè menm konsta sa yo nan lòt sitiyasyon nan Pòtoprens : « Si l’on regarde à l’intérieur de l’espace-camp, on observe une réalité fluide, caractérisée par les « migrations » des déplacés, pas seulement d’un camp à l’autre en cas d’éviction, mais entre les camps et la province, le camp et le quartier, le camp et la maison. Les gens se déplacent de manière fonctionnelle, laissant entrevoir le phénomène – difficile à quantifier – des tentes vides, ou tentes zombies, où les gens n’habiteraient pas mais où ils se rendraient occasionnellement (Giovanna Salome (2012). Camps, transitional site et relogement à Port-au-Prince après le séisme du 12 janvier. CERI/CNRS. www.cerisciencespo.com/archi...)». .