Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt Obsèvatwa Ayiti 2 | Kay nan rekonstriksyon an : kalòj pou moun dòmi oubyen bon jan abitasyon Lakou pou moun viv jan li ye nan kilti ayisyen nan. (...)

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Kay nan rekonstriksyon an : kalòj pou moun dòmi oubyen bon jan abitasyon Lakou pou moun viv jan li ye nan kilti ayisyen nan. (Pwogràm rekonstriksyon kay nan miliye riral, de lane apre goudou goudou a)
Béatrice BOYER et Cassandre MEHU _avril 2012

«Yon kay se kat mi ak yon twa ! Pa twò konplike ! ». Mòd vizyon toukout sa a de kay pou moun rete pèmèt yon bann erè ki parèt aklè nan obsèvasyon yo. Si nan vil yo, solisyon ak pwoblèm konplèks « relojman an » pa pou jodi a, repare oubyen rekontwi kay nan milye riral parèt pi senp. Men lè n ale nan nannan keksyon an, rekonstriksyon lojman nan milye riral yo poze yon seri pwoblèm ki ta gen pou wè ak « idantite ». De lane apre seyis 12 janvye a, yo toujou ap poze anpil keksyon sou anje èd pou rekonstwi kay nan milye riral yo.

Èske sitiyasyon ijans bay rezon pou enpòte yon bann modèl abita, tou senp, ki pa gen anyen pou wè ak karakteristik kiltirèl peyi a ? Yon kay riral nan peyi d Ayiti se plis pase « yon twa ak kat mi » men yon eleman nan yon espas sosyo-kiltirèl, ki pote tras memwa ak tradisyon magiko-relijyez pèp la. Espas sa a, ki gen pafwa toutotou li plizye lojman, gen yon idantite, « lakou ». Li egziste nan Antiy Fransèz yo sou yon fòm oubyen yon lòt, epi marye ak istwa tout zòn Karayib la. Egzistans lakou sa a oubyen koup – kay/espas sosyal – poze pwoblèm limit ak responsabilite moun ki ap dirije pwogram nan sitiyasyon apre ijans fas ak kilti lokal la, jan moun yo ap viv, jan yo konstwi, menm jan fas ak aspirasyon pou modènize bò kote moun ki konsène yo. Nan ki sans repons yo ta ka an menm tan efikas, respekte fason moun yo ap abite espas la ak enplike moun yo nan amelyore fason konstriksyon yo ap fèt? Ki kapasite adaptasyon, transfòmasyon, apwopriyasyon moun ap genyen ?

Brase lide sou estati ‘benefisyè’ abitan-estrikti entènasyonal

Èske pwosesis pou idantifye pwochen benefisyè yo, idantifikasyon èd entènasyonal pa yon seri ankèt bò kote abitan yo, makaj kay yo, definisyon kritè yo pa mete moun nan yon kondisyon pou ap tann san yo pa fè kòmantè ni entèvni pou repare kay yo yo menm ? Jiskibò responsabilite aktè entènasyonal yo rive nan pwosesis sa yo ki sanble rete nan nivo pwomès nan je benefisyè yo ? Kijan abitan plizoumwen viktim ka benefisye yon kay ? Kijan chwa sa yo fèt ? Satiyasyon sa a kreye anpil pèvèsyon. Èske konsèp ki defini menaj yo kòm antite familyal de baz pa senplis lè nou konsidere reyalite estrikti fanmi elaji nan milye riral yo ? Eske fason Ayisyen yo abite espas la nan zòn riral yo, nan plizyè fwaye monte sou baz yon lakou ki ap fonksyone ak yon sètèn solidarite e yon òganizasyon espasyal patikilye pa riske eksploze avèk pwosesis sa yo ki baze sou menaj separe ?