Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt Obsèvatwa Ayiti 4 | Ki asenisman dirab pou Ayiti? Rekòmandasyon ak leson ki soti nan Konferans Nasyonal sou asenisman dirab la, mwa jen 2012, (...)

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Ki asenisman dirab pou Ayiti? Rekòmandasyon ak leson ki soti nan Konferans Nasyonal sou asenisman dirab la, mwa jen 2012, Pòtoprens
Julie Patinet, septanm 2012

Enfòmasyon ki nan atik sa a jwenn sous prensipal yo nan kontrandi 11 prezantasyon oral konferans la nou kapab jwenn sou sit SOIL la ki site nan tèks la, yo baze tou sou konesans otè a genyen sou sijè a.

  Sommaire  

Apre tranbleman tè a, divès pwojè asenisman ekolojik (EcoSan) tout kalite te reyalize nan kad repons imanitè a. Majorite pwojè sa yo te rankontre gwo difikilte, nou kapab menm di te echwe akòz aktè yo pa t ase konpetan, akòz yo te manke sèvi ak apwòch patisipatif la, akòz pa t gen pwojè pilòt ki te kapab sèvi pou teste pwojè yo sou yon ti echantiyon avan yo reyalize yo nan yon pi gran nechèl, san konte yon estimasyon bidjè ki te twò raz pou volè « soft » la (akonpayman) nan kategori pwojè sa yo. Paralèlman, DINEPA, jenn antrepriz leta sa a ki te wè tout enterè l nan apwòch EcoSan an, te genyen gwo difikilte pou l jwenn enfòmasyon sou pwojè sa yo ki pa t janm evalye, ni kapitalize. Nan mwa jen 2012, SOIL ak UNICEF te reyalize premye konferans nasyonal sou asenisman dirab la Pòtoprens. Plis pase san senkant moun ki te reprezante senkant senk òganizasyon (DINEPA, ONG, Inivèsite, Espesyalis nan rechèch, konsiltan endepandan [1]) te patisipe nan konferans la. Konferans sa a se te okazyon yon premye pataj eksperyans sou diferan aspè pwojè EcoSan yo (teknoloji tankou konpostaj, biyodijestè; volè sosyal/mentnans; agwonomi, rechèch ki egziste sou eliminasyon patojèn yo) nan kan deplase yo, nan katye iben yo, nan milye riral yo, sou nechèl yon moun oswa yon kominote, nan kèk mache, nan kèk lekòl.

SuSanA (Sustainable Sanitation Alliance) defini asenisman dirab la tankou yon sistèm ki dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman an ak resous natirèl yo. Asenisman ekolojik la se yon manm nan fanmi asenisman dirab la ki responsab travay resikle ak valorize dlo sal ak dechè pou fè tè yo donnen, lè nou konsidere « dechè « moun » (poupou ak pipi) pou sa yo ye nan tout ekosistèm latè : resous ki kapab valorize.

Asenisman ekolojik la (n ap rele l EcoSan nan tèks sa a) se yon apwòch transvèsal ki twouve l nan kafou sektè WasH la, ak lasante epi sekirite alimantè. Si l kapab dekonpoze an teknik, EcoSan an, se poutan, avantou, yon prensip global konpreyansyon ak respè sik natirèl nitriman yo ak matyè yo. Sistèm EkoSan yo, anplis yo prezève sante moun lè yo stoke epi ijyenize [2] patojèn ki nan matyè fekal yo (tankou tout bon sistèm asenisman), resikle nan menm tan an nitriman dechè yo ak dlo izaje yo genyen. Nan lanati, dechè ki soti nan moun, bèt ak dlo izaje yo jwe yon wòl esansyèl nan konstriksyon bon tè ak pwodiksyon nitriman ki itil pou nouri plant yo. Nan kontèks ayisyen an kote anviwonnman an sitèlman degrade, tout sa ki kapab kontribiye nan remanbre sòl yo ta merite ankouraje.

Depi 2006, SOIL se ONG ki pi aktif an Ayiti nan domèn asenisman ekolojik epi li se youn nan premye ki devlope yon apwòch EcoSan ki byen mache kòm repons ak tranbleman tè a : twalèt ki separe pipi yo ak pran responsablite konpòs poupou yo nan ti kan Pòtoprens yo, [3] pou montre moun konstwi sistèm ki kapab separe pipi yo, konstriksyon ak jesyon yon valè sit konpostaj matyèfekal vidanje [4]. Nan moman li te nan pik li, SOIL t ap jere 200 twalèt piblik nan 31 kan pou 20 000 moun.

Goudougoudou a revele aklè absans yon filyè pou asenisman likid an Ayiti (kad enstitisyonèl, espas pou vidanj, fòmalizasyon pozisyon bayakou yo ak ranfòsman kapasite). Akonpaye kreyasyon filyè sa a se premye etap nan yon pwosesis devlopman. Anparalèl, tranzisyon sou chemen asenisman dirab la pase nan kore pwojè asenisman katye yo ki mare ak kad enstitisyonèl k ap mete anplas la. Travay valorizasyon an nan nivo fanmi yo ak gwoup yo nan katye yo an koneksyon ak aktè espesyalize nan agwonomi ak sekirite alimantè yo se yon kle ki garanti pou pwojè yo rete dirab. Men prensipal leson ki aprann ak rekòmandasyon ki soti nan konferans la:


[1] Al gade non entèvenan yo ak kontni entèvansyon yo sou sit wèb SOIL la.

[2] Ijyenize dechè yo se detwi oswa dezaktive jèm patojèn ak parazit (responsab maladi dyare yo) yo genyen yo pa mwayen yon tretman adapte.

[3] fòmasyon Anpatikilye pou mason yo

[4] Twa sit konpostaj apre tranbleman tè a (Dèlma 33, Site Solèy, Pènye) ; Kounyeya SOIL ap jere yon sèl sit konpostaj, zòn Twitye, anplis sit Limonad la k ap fonksyone depi 2009