Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt obsèvatwa Ayiti 3 | Ki leson pou rekonstriksyon an ki soti nan seyis 12 janvye 2010 la ?

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Ki leson pou rekonstriksyon an ki soti nan seyis 12 janvye 2010 la ?
Caroline BROUDIC, Jiyè 2012

Seyis 12 janvye a se yon katastwòf natirèl ki te fè plis dega akòz absans regilasyon depi plizyè deseni nan sektè lojman an ak nan ibanis la anjeneral. Okipasyon san lòd espas la, move kalite konstriksyon yo oubyen ankò kantite moun k ap viv nan zòn ki gen ris natirèl yo te fè dega yo pi grav. Konsa, menm jan dega nan moman pasaj siklòn yo pa ka parèt tankou malediksyon, katastwòf 2010 la antre nan yon mank planifikasyon iben ak devlopman ekonomik. Èske dyagnostik sa a, anpil moun te dakò sou li apre seyis la, nan kè rekonstriksyon an ? Nan lòt mo, èske politik yo mete anplas depi katastwòf 2010 la pèmèt rediksyon danje k ap plane sou tèt popilasyon an sizoka yon lòt seyis, siklòn oubyen glisman tèren ta rive ?

Dokiman politik nasyonal lojman, abita ak devlopman iben Inite pou Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik yo (UCLBP [1]) elabore a ap sibi kounyeya dènye retouch yo epi ta dwe soti nan semenn ki ap vini yo. Li montre eleman prensipal rekonstriksyon an pa sèlman nan zòn ki sibi domaj nan seyis la men, pi laj toujou, nan amenajman tout teritwa a nan nivo nasyonal. Travay ki ta dwe fèt nan rejyon metwopoliten an se yon gwo chantye ki pako lanse tout bon vre. « De lane apre seyis 12 janvye 2010 la, yo estime jiska 500 000 inite bezwen lojman nan peyi Ayiti. Estimasyon sa a gen ladan 200 000 kay ki kraze nan seyis la, selon etid gouvènman an fè, ak yon estimasyon 300 000 lòt kay, pou konpanse mank lojman ki te deje la anvan seyis la epi ki chita sou kwasans demografik la, tankou popilasyon Pòtoprens lan k ap gentan double nan 17 lane ki gen pou vini yo [2] » . Gouvènman ayisyen an idantifye depi 2010 domèn sa yo ki se kle pwosesis rekonstriksyon an epi ki bezwen refòm :

  • Planifikasyon estratejik iben ak kominotè epi planifikasyon ekonomik ;
  • Amenajman teritwa a ak devlopman mache fonsye ;
  • Finansman lojman ak devlopman mache lokasyon an ;
  • Devlopman lojman pou moun ki p ap touche anpil kòb yo, anpatikilye lojman lokatif ; kontwòl kalite nan konstriksyon batiman yo ;
  • Jesyon ris ak katastwòf pou kay ak katye yo ak kreyasyon yon rejim asirans kay ;
  • Devlopman, jesyon ak finansman enfrastrikti pou administrasyon lokal yo.

Youn nan pi gwo anje faz rekonstriksyon sa a lye ak jesyon tan an, lè nou konsidere politik rekonstriksyon an tabli sou yon dizèn lane (petèt menm pi plis toujou) alòske nan yon ti tan tou kout gen pwoblèm ki lye ak moun yo enstale – oubyen ki enstale tèt yo – nan yon seri zòn ki gen anpil danje oubyen ki ap viv toujou nan kan deplase yo. Kesyon sa a tèlman gen enpòtans, li mennen nou nan kòz estriktirèl katastwòf la epi, nan menm tan an, sou konsyans ki te pran apre seyis la sou nesesite pou gen gwo chanjman nan gouvènans ak nan politik devlopman iben ak riral.


[1] UCLBP entegre dirèkteman nan primati a

[2] UCLBP, Politik nasyonal Lojman, abita ak devlopman iben, vèsyon 30 avril 2012, yo prezante li jou ki te 29 juin 2012 la, se Inite pou Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik.

Konnen plis

Haïti PDNA, « Evaluation des dommages, des pertes et des besoins généraux et sectoriels », 2010. Gouvernement de la République d’Haïti, « Politique nationale du logement, de l’habitat et du développement urbain », version du 30 avril 2012 pour commentaires et suggestions.