Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt Obsèvatwa Ayiti 2 | Migrasyon ak Gouvènans ibèn : de tematik fondamantal epi ki mache ansanm nan kontèks rekonstriksyon lavil Pòtoprens (...)

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Migrasyon ak Gouvènans ibèn : de tematik fondamantal epi ki mache ansanm nan kontèks rekonstriksyon lavil Pòtoprens lan
Richener NOEL_avril 2012

Nan moman sa a kote tout modèl yo parye sou akselerasyon egzòd riral la, mete sou kwasans entèn nan, kidonk yon akwasman san rete popilasyon kapital la, nou dwe atann nou ak yon pi gwo presyon sou espas zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Nan sitiyasyon pòs-seyis sa a kote tout keksyon ap poze sou modalite ak etablisman priyorite yo, li fondamantal pou konprann, nan nannan koze a, katastwòf la fè nou wè sèlman konsekans echèk entitisyonèl vil la. Kòm rezilta, otorite yo dwe konprann anvan tout bagay rekonstriksyon se yon defi enstitisyonèl.

Pwoblèm migrasyon an te koumanse poze vrèman an Ayiti yon ti tan apre okipasyon Blan meriken 1915 lan. Pwosesis pou remete sou pye gwo plantasyon nan prensipal plenn nan peyi a te mennen nan fèmti yon bann ti biznis agrikòl familyal ki te konn bay lavi ak yon pakèt fanmi. Sitiyasyon sa a te fabrike yon tip pwoletarya riral tounèf (Dorviller: 2010). Kòm konsekans, yon nomb peyizan ki pat sispann ogmante, ki te pèdi oubyen ki te fòse kite jaden yo, te oblije rann tèt yo pa bann ak pa pakèt nan peyi Dominikani ak Kiba. De peyi sa yo te deja genyen nan moman sa a yon kontèks agwo-endistriyèl kapitalis ki te bezwen bra ayisyen bon mache pou pwodui danre ki te nesesè (Trouillot: 1986). Fòk nou fè remake tou yo te itilize fòs travayè ayisyen yo nan kondisyon difisil nan jaden kann yo, kote yo te bay tout ji nan kò yo. Anpil moun konpare modalite travay sa yo ak esklavaj (Corten, sitasyon Icart: 1997). Jan vwayaj yo te konn fèt la pat bon nonplis. Migrasyon sa a ki te fèt sèlman nan sezon pou rekòlte kann pote non “trèt vèt”. Migrasyon sezonyè masiv sa a te boulvèse anpil vi riral la an Ayiti epi frajilize sosyete d akèy yo.

Sou rejim Papa Dòk la, migrasyon ayisyèn nan te pran plis jarèt toujou. Ayisyen yo pati nan tout direksyon. Sa gen pou wè ak plizyè tip migrasyon: migrasyon eskolè, migrasyon pèmanan, migrasyon pou egzil, migrasyon legal ak ilegal, eks. Li pa fasil jounen jodi a pou nou di konbyen Ayisyen ak desandan yo ki ap viv nan peyi letranje; dapre minis Ayisyen ki ap viv lòtbò dlo yo (2010), nonb sa a rive 4 milyon, sa vle plis pase 3 Ayisyen sou 10. Sa ki eksplike migrasyon an

Sou plan ékonomik, milye riral yo sibi yon dekwasans enpòtan. Konsta sa a te fèt depi nan fen XIXe sièk la, men sitiyasyon an ta pral vin pi mal vè lane 1950 yo. Degradasyon anviwonmantal tankou ewozyon tè arab yo, ogmantasyon popilasyon ki pwovoke diminisyon espas mwayen kiltivab pa peyizan (mwens pase yon ekta an mwayèn pa abitan depi nan fen XXe syèk la), vye teknik ak mwayen akayik pwodiksyon agrikòl yo, pwoblèm tè, move chwa oubyen defisi nan sa ki gen rapò ak politik agrikòl se kèk bagay pami sa ki lakòz afeblisman sa a. Paul Moral dekri yon peyizànri pòv nanpren kote menm manje ak tout lòt bezwen ki pi enpòtan pou moun viv yo pa ka satisfè. Dorvillier (op. Cit.) pèmèt nou konprann byen fasil sitiyasyon yon mond riral ki ap sibi yon gwo esklizyon kote diferans ak mond lavil la parèt aklè devan je tout moun.

Transfòmasyon ki ap fèt nan peyizànri ayisyèn nan pa sèlman ekonomik, men tou kiltirèl ak sosyal (Faustin: 2003; Souffrant: 1995). Peyizan yo pa wè tèt yo ankò tankou kèk senp viktim nan yon sosyete majinalize, men tankou aktè sosyal e ki reklame ledikasyon menm jan ak lòt kategori nan sosyete a (Ronceray: 1972). Kouri kite izòlman riral la ak bon jan entegrasyon nan sosyete a se kèk pami rezon ki alabaz gwo deplasman sa a.

Enpak migrasyon an sou lavil Pòtoprens Anplè okipasyon sovaj ak san mezi espas ki pa apropriye ap pran chak jou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan fè parèt aklè yon malèz, ou ta ka di yon gwo kriz, tranzisyon ibèn nan peyi a. Paske pa gen planifikasyon ibèn epitou akòz mank reyalis nan konpreyansyon fenomèn sa a, otorite ak sèvis piblik ap sibi mal egzòd riral la koze. Ekstansyon vil la montre gwo presyon demografik sou katye yo ak sou periferi li yo; tipa tipa mòd devlopman sa a fè tout vil ki anviwonnen kapital la kole ak li. Kòm konsekans, Kapital la sibi yon fason san parèy efè sekous sismik 12 janvye 2010 la. Nan dis pwochèn lane yo, popilasyon zòn metwopolitèn nan dwe ogmante ak gwo vitès toujou, soti preske 3 milyon jounen jodi a pou rive 5 milyon. Sa ki ka pwovoke plis lapenn nan yon pwochenn katastwòf, sizoka otorite yo pa tire leson yo, epi pran bon jan mezi , prensipalman yon gwo efò nan gouvènans ibèn.

Ranfòsman enstitisyonèl kòm mwayen pou kontwole ibanizasyon an. Afeblisman enstitisyon ki la pou jere vil la se youn nan eleman ki pi prezan depi dènye deseni yo, e ta sanble li mache men nan men ak depravasyon sitiyasyon an. Enstitisyon etatik tèritoryal yo pa ka reponn ak misyon yo. Meri yo ki natirèlman, kòm eleman prensipal nan gouvènans lokal la, ta dwe aplike politik piblik nan sa ki gen pou wè ak ibanis, reprezante jounen jodi a sèlman yon nwayo fonksyonèl. Estrikti kolektivite yo vin fragil akòz mannyè òganizasyon non-gouvènmantal ak intènasyonal yo ap aji e kèk konpòtman Leta pa ale nan sans pou ranfòse yo.

Plizyè santèn òganizasyon sa yo k ap kontinye vini ka bloke plis toujou devlopman kapasite enstans lokal yo. Jounen jodi a gen posibilite pou Meri Pòtoprens pa aprann leson katastwòf 12 janvye a, pou l kapab ranfòse tèt li e pou devlope “espesyalite” pou reponn ak kriz yo.

Kèk aksyon Gouvènmann an kontredi diskou pou ranfòse enstitisyon yo. Enstitisyon tèritoryal yo vini pi fèb chak jou depi dènye ane sa yo alòske nan menm tan sa a Gouvènman Ayisyen mete sou pye yon bann komisyon ak enstans, nan anpil sektè, ki lye ak Gouvènman menm, nan bi pou rezoud pwoblèm efikasite pouvwa piblik yo. Kòm konsekans: Meri yo vin pòv nan nivo enstitisyonèl, san gran mwayen ekonomik, san resous zimenn kalifye, avèk sèlman kèk sèvis ak seksyon, eks., kidonk san mwayen pou yo aji. Nan nivo enstans ki kreye yo, pa genyen ankenn makònay ak tèritwa a, dayè aktivite yo antreprann nan antre nan fonksyon natirèl ak lejitim meri yo. Sitiyasyon sa a kreye pafwa konfli pouvwa e fè youn ap akize lòt kòm reskonsab echèk yo. Sitiyasyon sa a konn repete anpil ant Meri Pòtoprens e Sèvis metwopoliten Kolèk Rezidi solid (SMCRS). Lè nou al nan reyalite a, kreyasyon enstitisyon sa a pa rezoud pwoblèm ranmase fatra a nan rejyon metwopolitèn nan.

Pwosesis pou divize vil Pòtoprens ki koumanse depi ane 80 yo, lè yo fè pase yon seri banlye nan ran komin, pa rive bay rezilta yo t ap chache yo. Kreyasyon Meri Kafou ak Delma nan lane 1982 apre Site-Solèy ak Taba nan lane 2003 penmèt yo sèlman ogmante nomb antite yo, san pa genyen yon enpak enpòtan sou kalite ak efikasite sèvis yo bay sitwayen yo. Inityativ sa a pito koupe nan mwayen d aksyon Meri prensipal la.

Jounen jodi a èske pa gen rezon pou yo ta koumanse ak yon pwosesis kontrè a, sa vle di inifikasyon mwayen meri yo? Se ta ka yon opsyon pou yo eksplore. Si li ta ka difisil pou fonn tout meri ki nan zòn metwopolitèn nan pou kreye yon sèl Meri Pòtoprens, nan yon gwo komin Pòtoprens, li ta sanble posib pou mete kèk sèvis ansanm oubyen pou espesyalize yo pi plis nan sektè ki fè fòs yo. Meri Pòtoprens ta ka jere keksyon ranmase fatra a, epi Meri Dèlma ta ka okipe l de yon Obsèvatwa d ibanis pou tout kapital la. Se konsèp “entè-minisipalite” Caroline Gutton pale de li a (Kowòdonatris aktivite òganizasyon Inityativ Devlopman ‘ID’ an Ayiti). Nan anpil peyi, yo deja devlope mòd mizankomen sa a ant plizyè minisipalite. Leve defi ranfòsman entisyon yo se youn nan etap kle nan rekonstriksyon an.

Valorizasyon konesans ak teknik planifikasyon ibèn pou ede nan jesyon vil yo. Pa pran an kont konesans ak teknik modèn nan planifikasyon ibèn se youn nan konsta nan gwo echèk Ibanizasyo nan nan peyi d Ayiti, ki rive nan bout li ak katastwòf 12 janvye a. Paske pa genyen yon Obsèvatwa osnon yon sèvis oubyen sèvis ibanis, desidè yo pa adapte aksyon yo ak enfòmasyon ak konesans ki disponib sou vil la, pa rapò ak modèl sou (previzyon) evolisyon reyalite a. Se yon eleman ki montre vre sou-devlopman enstitisyon yo. Kijan pou ou planifye òf la san bonjan enfòmasyon sou demann nan? Enstans ki konsène pa jesyon vil Pòtoprens pa ka planifye lojman, dlo, enfrastrkti ibèn, eks., dapre jan bezwen ap ye nan sen lane. Se sak fè sèvis piblik yo pa janm aji anvan konstriksyon katye yo epi yo toujou sezi wè konsekans oto-konstriksyon an sou enviwonman an. Pi bon remèd mi migrasyon an se bonjan devlopaman lavil la.

Eske li pa ta nesesè pou mete sou pye, anndan enstitisyon ki ap pran desizyon, yon obsèvatwa pou achitekti ak ibanis ki ta ka bay enstriksyon nan sans sa a? Jeneralman, yon obsèvatwa pou ibanis gen pou misyon: jije sitiyasyon kolektivite lokal yo e bay fòmasyon (etid, ekspètiz, travay rechèch, fòmasyon eli yo, pibliye teknik yo). Epi, asire ant eli e chèchè yo yon fonksyon kouwa transmisyon. Pou chèchè yo fè keksyon e enkyetid eli yo tounen tèm rechèch yo epi chache ak pataje eksperyans ki fèt lòt kote. Nan kèk peyi, enterè pou politik ibèn yo favorize kreyasyon ministè Lavil, nan kèk lòt, ministè Amanajman Tèritwa; men inisyativ sa yo pa ranplase obsèvatwa yo, ki plis lye ak kolektivite yo.