Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt Obsèvatwa Ayiti 2 | Pwogram lajan nan kè repons ak katastwòf ibèn nan Peyi d Ayiti : leson nou aprann

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Pwogram lajan nan kè repons ak katastwòf ibèn nan Peyi d Ayiti : leson nou aprann
Domitille KAUFFMANN _ avril 2012

Nan faz tranzisyon an, li sanble jodi a esansyèl pou tire ansèyman epi difize leson ak bon pratik ki soti nan repons imanitè ak seyis la an Ayiti, e prensipalman sou repons “Cash” la ki te nan kè repons ibèn nan. Leson sa yo dwe pèmèt an menm tan yo anrichi nouvo pwogram nasyonal yo mete anplas kounye a an Ayiti, prensipalman inisyativ pou popilasyon ki pi vilnerab yo ak pwogram pwoteksyon sosyal yo, men tou plan kontenjans ak repons ki parèt pou fè fas ak ris sizoka nouvo katastwòf yo.

Plizyè modalite pou entèvansyon lajan: seyis 12 janvye 2010 la touche fò kapital Pòtoprens lan ak zòn ki anviwone l yo. Nan kontèks ibanize sa yo, popilasyon yo depann nèt de mache pou bezwen alimantè ak non alimantè yo. Yo gen tou jeneralman pou peye pou bezwen de baz yo, tankou dlo, enèji pou kwit manje e pou aksè ak sèvis tankou lasante, edikasyon, transpò. Pou reponn ak anplè bezwen imanitè yo nan kontèks ekonomi ibèn ki lye pou plis ak lajan [1], èd alimantè yo te konn bay la te vin byen vit pa reponn e òganizasyon imanitè te chwazi rapidman depi mwa janvye 2010 la lòt pwogram pou transfere lajan alòske premye etid sou mache Pòtoprens lan te montre, menm si tranblemanntè a, mache yo te ka reponn ak demann kominote yo ki frape katastwòf [2] la. Fen mas 2010, pwogram sa yo te pran lòt anplè lè Gouvènman ayisyen an te mande ofisyèlman pou kanpe ak tout distribisyon manje e pou mete sou pye yon pwogram nasyonal Lajan-Kont-Travay [3] (oubyen Cash-for-Work – CFW). Repons ak seyis la te ranje toutotou yon seri entèvansyon pou distrebiye lajan ki bati dapre yon seri modalite diferan: pwogram lajan kont travay men tou distribisyon koupon (alimantè oubyen non alimantè), e don dirèk lajan (kondisyone ou pa).

Kouvri yon pakèt bezwen: Pwogram lajan sa yo te pèmèt gen repons ki bay ak yon gwo varyete bezwen nan nivo menaj yo ki enplike plizyè sektè (sekirite alimantè, lojman, rekapitalizasyon, atik non alimantè, ranbousman dèt ki lye ak mwayen sibzistans, ledikasyon, eks.). An patikilye, ONG Christian Aid te fè analiz ki fè konprann benefisyè pwogram don dirèk non-kondisyone li yo te itilize 41% nan lajan yo bay nan swen santé, mledikasyon, pèman lwaye, ranbousman dèt oubyen relanse ti komès yo. Li souliye sa pa t ap posib avèk yon èd an nati oubyen sou fòm koupon [4] .

Idantifikasyon benefisyè yo ak vilnerabilite yo nan milye iben: li te difisil anpil, menm enposib, nan kontèks iben Pòtoprens lan, pou diferansye vilnerabilite ki lye ak seyis la epi ak povrete ki te la anvan katastwòf la. Kritè pou chwazi yo nan vil yo pi konplèks epi gen tandans pou pa jwi menm vizibilite, oubyen nou pa ka verifye yo menm jan ak nan milye riral [5]. , sa ki souliye enpòtans kolaborasyon avèk aktè lokal yo. An plis, yon endikatè ki la depi lontan tankou revni popilasyon yo parèt souvan difisil pou kalkile epi pa pèmèt idantifye fanmi ki pi vilnerab yo. Nan pwen sa a, anpil mwayen sibzistans nan vil yo baze sou ekonomi enfòmèl la epi sou yon seri opòtinite djòb chak jou e/ou sou ti kòmès, san yon revni regilye. Li te nesesè nan sans sa a pou idantifye lòt kritè (pa egzanp: yon seri endikatè ki rann kont de satisfaksyon bezwen primè menaj yo, aksè ak sèvis de baz tankou ledikasyon ak lasante [6]) pou seleksyon benefisyè yo.

Nou ka tire anpil leson nan ki sa gen pou wè ak etablisman yon montan minimòm pou don lajan yo oubyen pou salè jounalye a pou moun ki benefisyè yo CFW a:

Mete sou pye yon salè minimòm nan kontèks iben ak riral: pou asire yon apwòch san pwoblèm, Gouvènan Ayisyen an (nan lyen ak PNUD/BIT) te bay byen vit rekòmandasyon pou pwogram CFW yo, prensipalman pou to jounalye a. Sepandan Tout aktè yo pat respekte to minimòm sa a nan premye semèn yo, sa ki te pwovoke yon seri tansyon epi fè yon monte de to sa a soti 180 pou rive 200 HTG. Li parèt enpòtan tou pou ajiste salè a dapre kontèks la iben oubyen riral, sa ki te fèt nan yon lòt moman. An efè, nan milye riral nivo salè agrikòl yo pi ba pase nan vil, epi te pètinan tou pou aplike yon seri to salè ki diferan pou CFW a , nan bi pou limite efè ogmantasyon kou lavi a. Kèk aktè te voye pou pi lwen efè negatif CFW yo sou anplwa agrikòl la, sa ki te mete nan difikilte yon seri kiltivatè ki te bezwen bra, men yo pat reyèlman fè etid apwfondi sou sijè sa a.

Montan minimòm, frekans vèsman ak relans mwayen pou moun viv: globalman, pwogram lajan yo pèmèt yo enjekte nan ekonomi lokal la, pou konplete sa api moun nan dyaspora ayisyen an voye bay fanmi yo, men te rive gen yon enpak limite sou relèvman ekonomik la nan yon tan ki pa twò long. Youn nan rezon pou sa se nonb jou travay yo ki ogmante pou CFW la (soti 10 pou rive 20 jou) oubyen kontite lajan yo bay pa mwayen don yo pat ase pou pèmèt vre yon relans ekonomi fanmi yo. Pou CFW la, li rekòmande pou anplwaye pou de mwa yon seri moun sou yon salè minimòm, nan bi pou bay benefisyè yo yon chans pou genyen revni yo pèdi yo [7] . Li te montre tou, nan sa ki gen pou wè ak don dirèk yo, montan ki transfere a pa koresponn ak nonb ak frekans transfè yo. Pou yon montan egal, yon benefisyè ki resevwa plizyè vèsman te ka sere yon pati nan lajan an kontrèman ak lòt ki te resevwa lajan yon sèl fwa. Yon seri vèsman sou yon baz mansyèl sanble pi apwopriye [8] .

CFW, idantifikasyon kominotè nan vil ak ranmase dekonb: Li te byen pi konplèks pou idantifye travay ki te gen yon valè ajoute pou kominote a nan zòn ibèn Pòtoprens lan ki sibi seyis la menm jan ak zòn riral ki pat touche kote òganizasyon kominotè a pi byen defini. Idantifye yon seri travay nan kontèks lavil mande yon seri negosyasyon ak yon pakèt aktè iben, sa ki ka lakòz ralantisman nan mete sou pye pwogram ak bay èd pou fanmi yo. Yon lòt kote, yo te itilize CFW pou ranmase dekonm men sa te pwoblematik nan plizyè nivo: chwa espas yo ap debleye yo (prive kou piblik), soti kote pou depoze grava yo, fèb efikasite ak efisyans pou evakye debri yo [9] . Sou dènye aspè sa a, yon solisyon ki gen de volè: mwyen imen ak ekipman lou, sanble te pi apwopriye lè nou konnen gen kèk kote ki asesib pou veyikil yo e gen kèk tach ki pa ka fèt san bra. Pwoblèm yo rankontre nan evakyasyon dekonm yo te lye sitou ak reta yon seri aktè te pran pou evalye kou yo. Yo te deja tire leson sa a an 2008 nan Gonayiv.

Mekanis pou vèse lajan [10] ak devlopman “Mobil Money an”. Katastwòf la te bay yon opòtinite serye pou devlopman an Ayiti yon sistèm pèman pa mwayen telefòn pòtab. Sistèm sa a, yo te itilize l pou premye fwa apre seyis la gras ak yon patenarya ant ONG ameriken Mercy Corps, sosyete amerikèn Trilogy International Partners ki se te pwopryetè konpayi telefòn pòtab Voilà (depi avril 2012, konpayi Digicel rachte Voilà), ak enstitisyon bankè Unibank [11]. Nan pwogram koupon alimantè li an, nan Senmak, ONG mercy Corps te fè apèl ak Voilà pou yo te ka peye benefisyè yo dirèkteman pa mwayen transfè lajan sou telefòn pòtab. Premye eksperyans “Mobil Money” sa a te pote bon jan rezilta epi pèmèt yon veritab devlopman nan mòd pèman sa a nan peyi a, anpil ONG ak aktè reprann li nan lòt moman [12].

Antisipe mòd operatwa yo pou devlopman kapasite pou debouse lajan an: Mank nan preparasyon ak kapasite aktè imanitè yo, pou mete sou pye yon seri pwogram transfè lajan te yon faktè enpòtan ki te voye pi ta livrezon èd la (move preparasyon lis benefisyè yo, reta nan viman lajan yo nan enstitisyon bankè ak kredi a, delè nan debousman lajan an, tan pou tretman pou peye salè yo ak pèman yo, eks.). Kòm pwogram cash yo pa mande moyen lojistik patikilye, yon sèten nonb aktè san eksperyans nan apwòch yo (ONG ak ajans Nasyonzini) te neglije oubyen pa estime aspè teknik pou mete sou pye tip aktivite sa a(Kapasite jesyon, administratif, eks.) e yo te “enpwovize” tou nan pwogram sa yo san zouti ki adapte. Enstitisyon finansyè sa yo “soufri” tou de mank prepasyon aktè imanitè yo ki pat prevwa bezwen yo ta pral genyen, nan sans yo ta bay enfòmasyon sou yo ak enstitisyon pou yo ta prepare yo. Nan nivo aktè yo, kèk ladan yo, tire leson de eksperyans sa a, travay pou developman kapasite enstitisyon pou tip pwojè sa a. Nan yon pèspektiv pou preparasyon pou ijans yo nan peyi a, li parèt enpòtan tou pou devlope yon seri patenarya ak mòd operatwa ant aktè imanitè yo ak lòt pati ki enplike menm jan ak enstitisyon finansyè yo oubyen telefòn mobil yo.

Sekirite popilasyon yo: Yo te diminye efè negatif pwogram sou sekirite popilasyon yo (kreyasyon tansyon sosyal, rakèt, kòripsyon, abi seksyèl, eks.). Yo obsève pwoblèm sa yo nan lòt entèvansyon d ijans, men kontèks ayisyen an nan Pòtoprens, kote gen yon seri sitiyasyon vyolans ibèn ak gang, ak tou mòd operatwa ONG ki te travay pa mwayen yon seri komite katye oubyen kan ki fenk fèt, te ogmante ris sa yo.

Enpòtans apwòch “mache” depi nan faz ijans lan: youn nan leson ki bay yo soti nan repons nan milye iben yo se enpòtans prizankont mache a nan bi pou lye byen bonè nan repons lan, ijans ak devlopman an avèk soutyen pou filyè ekonomik yo. Plizyè aktè dakò pwogram pou relans ekonomi menaj yo te ka ini yo pi vit, ak api aktè sektè ekonomik lan tankou enstitisyon mikwo-finans yo pa egzanp.

Swivi mache ak pwogram yo: An konsekans, yon suivi finisman mache yo te ka esansyèl nan bi pou swiv enpak pozitif oubyen negatif pwogram yo, idantifye yon seri lòt opòtinite pou relans ekonomik lan, eks. Anpil aktè te souliye ensifizans swivi sa a apre ankèt EMMA (fevriye 2010). Sou pwen sa a, yon seri suivi/evalyasyon mache yo te fèt pa ajans yo sou pwogram yo genyen, men te gen mank yon mekanis pou suivi mache yo pou repons global la. Travay sa a se Kowòdinasyon Nasyonal pou Sekirite Alimantè (CNSA) a, ak patnè li FewsNEt, VAM nan, Kowòdinasyon sou pwogram Cash yo, ki te ka/te dwe “òkestre” li,. Yon lòt kote, mekanis pou suivi sou pwogram yo te souvan ensifizan pou pèmèt yo swiv reyèlman efè pwogram yo sou sitiyasyon fanmi yo, epi pou reyajiste sizoka aktivite yo. Pasaj brital distribisyon alimantè nan CFW la yo pat analize li, ni tou enpak global pwogram CFW la e pi globalman pwogram monetè yo. Yon seri keksyon te rete anlè kanta efè reyèl repons imanitè a e an patikilye kanta potansyèl efè negatif yo prensipalman sou plan ekonomik, sou fli migratwa vil-kanpay e kreyasyon yon fenomèn atraksyon sou vil la, ...

Bibliographie

  • Christian Aid. Humanitarian Briefing Paper - Haiti: unconditional cash transfers - lessons learnt, janvier 2012. http://www.cashlearning.org/downloa...
  • Philippa Young, et Emily Henderson. OXFAM. The Haïti Earthquake: an Urban solution, s. d. http://www.cashlearning.org/downloa...
  • Suba Sivakumaran. UNDP. Cash Programming in Haiti - Lessons Learned in Disbursing Cash, 2011. http://www.cashlearning.org/downloa...
  • François Grünewald, Béatrice Boyer, Domitille Kauffmann, et Julie Patinet Groupe URD. Evaluation de la réponse de la DG ECHO à la crise en Haïti post-séisme, décembre 2010– mars 2011. http://www.urd.org/Evaluation-de-la...
  • François Grünewald, Béatrice Boyer, Domitille Kauffmann, et Julie Patinet. Groupe URD. Port-au-Prince – Evaluation de l’action humanitaire en contexte urbain. A publier.

[1] Kantite moun ki ap viv nan vil yo ki viv an anpati de tranfè manje fanmi yo ki ap viv nan milye riral ak echanj echanj san lajan pa piti

[2] Etid Emergency Market Mapping and Analisis (EMMA) fevriye 2010.

[3] Pwojè CFW yo te ka genyen pou pi piti 500 000 benefisyè pou lane 2010 la.

[4] Christian Aid, Humanitarian Briefing Paper – Haiti : Unconditioal cash –lessons learnt.

[5] Id

[6] ACF. Etid sou vilnerabilite ibèn nan Pòtoprens. Definisyon kritèvilnerabilite yo pou seleksyon popilasyon yo vize yo nan entèvansyon Sekirite Alimantè ak Mwayen pou egziste, jen_jiyè 2011.

[7] Philippa Young e Emily Henderson, « The Haiti earthquake : an Urbain solution ».

[8] Christian Aid, Humanitarian Briefing Paper – Hait : unconditional cash transfers – lesson leart.

[9] USAID, OFFICE of inspector General, audit of USAID’s cash-for-work activities in Hait : Audit report no 1-521-10-009- P. 24, sektanm 2010.

[10] UNDP, « Cash programming in Haiti – Lessons leared in Disburing Cash ».

[11] Mercy Corps, « Diary of a mobile money program - e-Books ».

[12] Pwogram aba grangou entegre, pa egzanp, teknoloji tounèf sa a.