Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt Obsèvatwa Ayiti 4 | Ranfòsman kominote yo nan jesyon anviwonnman katye yo nan Bristou-Boben : pwoblematik estati legal kominote yo nan jesyon (...)

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

Quality & Accountability COMPAS COMPAS Qualité & Redevabilité
CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Ranfòsman kominote yo nan jesyon anviwonnman katye yo nan Bristou-Boben : pwoblematik estati legal kominote yo nan jesyon teritwa iben an
Richener NOEL, septanm 2012

 

 3. Ki estati pou kominote yo nan jesyon teritoryal katye yo?

Sepandan, si asosyasyon yo ak gwoup kominotè yo gen libète pou fè fas ak pwoblèm yo pou kont yo, se vre, yon lòt kote, pa gen okenn lwa ki egziste ki ta mansyone estrikti sa yo nan jesyon teritoryal iben an.

Delimitasyon katye yo nan dekoupaj teritoryal iben an. Katye a pa yon antite administrative iben fòmèl. Pa gen okenn dokiman legal ki mansyone l. Dapre konstitisyon ayisyen 1987 la, teritwa Repiblik Ayiti a divize epi redivize pa Depatman, Awondisman, Komin, Katye ak Seksyon kominal. Katye a, jan konstitisyon an antann li an, koresponn ak yon ase gwo regwoupman popilasyon k ap viv plizoumwen youn pre lòt, men ki pa rive nan nivo yon vil [2].

Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik defini vil la tankou chèflye komin yo, se definisyon sa a ki fòmèlman fòmile pou Ayiti. Konsa ou kapab wè genyen kèk chèflye komin kip a gen popilasyon yo rive 1000 abitan, epoutan yo konsidere kòm vil alòske gen katye ki genyen plis pase 1000 abitan kip a gen estati sa a.

Nan katye a, kay yo pi byen òdone pase nan seksyon kominal la, men pa ase agreje pou l vin yon vil; se yon vilaj ki genyen plis moun. Anpil komin jodiya se katye yo te ye avan sa (Kafou, Lagonav, Dèlma, ets.) Pi lwen toujou, nan peryòd kolonyal franse a, mo katye a te konn site pou nonmen yon regwoupman pawas [3].

Konsèy Elektoral ayisyen an tabli yon dekoupaj sant iben yo ki baze sou blòk. Blòk sa yo se regwoupman katye yo ye menmjan yo abitye nonmen yo nan vil yo Chak blòk delege pa eleksyon yon reprezantan nan Asanble minisipal la ki se yon estrikti opoze ak pouvwa pa rapò ak Konsèy minisipal la. Asanble sa a, menmjan ak sa ki tabli nan seksyon kominal yo (ASEC), ap jwe wòl yon palman lokal e yo sanse reprezante may ki lye Leta ak sosyete sivil la (Castor : 1997, rapòte pa Dorner [4]).

Katye iben yo, kòm antite, menmlè yo genyen yon fondman jewografik ak sosyolojik, sa pa fè yo genyen yon valè legal pou sa. Limit yo pa defini epitou pa genyen okenn estrikti teritoryal pou jere yo. Okenn estrikti administrative espesifik apre Meri a epi delege yo pa t prevwa nan vil yo. Kidonk, tèm « otorite kominotè » a parèt enpwòp sou plan legal.

Karaktè legal desizyon kominote yo? Li endispansab pou bay desizyon kominote yo yon fòs legal, depi yo ase reprezantatif… Kijan kominote a ap fè jwe wòl vijilans li pou l kontre aksyon endividi yo (ki riske ogmante danje pou anviwonnman an) nan katye yo si desizyon l yo pa gen yon karaktè obligatwa, ki menm kapab chita sou kontrent? Nan kontèks esklizyon ki tabli nan moman sa a ak absans sèvis piblik nan katye defavorize yo, estrikti reprezantatif (klasik) legal la, ki fòme ak Konsèy minisipal la epi reprezantan blòk yo nan Asanble a pa sanble l anmezi pou l fè fas ak pwoblèm katye Bristou-Boben ak konfwonte la yo.

Anfèt, egzistans estrikti pouvwa kominotè sa yo kapab konsidere tankou yon priz konsyans sitwayen sitiyasyon katye sa yo, epitou tankou repons popilasyon an ap fòmile pou l satisfè bezwen l yo. Responsab kowòdinasyon an afime kan sa yo pa janm (depi tranbleman tè a) atire atansyon otorite leta yo : « Okenn èd pa janm vini la sòti bò kote Leta ak Meri Petyonvil la depi tranbleman tè a, se sa kèk responsab òganizasyon afime nou ». Repons ijan ak seyis la vini sèlman atravè kolaborasyon ant aktè kominotè sa yo ak imanitè a.

Nou ta kapab entèprete yon pwosesis antame k ap vize mete anplas yon antite teritoryal pi laj, sou yon nechèl katye “kominotè”, tankou yon tantativ pou fè rive jis anba nèt nan dekoupaj espas iben an, kèk relè Meri a ki ta kapab pèmèt li atenn katye sa yo ki chita dayè nan kè vil la menm.

Kalite rapò ak kolektivite preetabli yo Fòk yon mòd ajansman katye sa yo ta defini nan kad jesyon vil la pa Meri a. Nan kèk peyi (tankou Lafrans), estrikti kominotè yo pran non Konsèy katye; se yon estrikti fòme ak volontè ki reprezante abitan katye yo devan Meri a, yo pa eli men yo admi ak tout lejitimite nan kominote yo. Men, pwoblèm vil yo pa toujou menm, nan ka pa nou, paske kominote yo bezwen anbrase plis responsablite. Mizanplas CRC yo ak ATL (Ajans Teknik Lokal) yo te deja reyalize pou yo te sèvi kanal ant Meri a ak katye yo. Men, menm lè nou riske redui rapò ant CRC ak ATL yo nan yon dimansyon teknik senpman, fòk nou klarifye, ajansman ant Meri a ak kominote yo, jan li pwopoze la, dwe pran fòm yon konsansis ki pi laj (pi politik) ant de antite sa yo nan objektif yon vizyon pataje anviwonnman an nan katye sa yo, e nan yon pi gran mezi, rezoud pwoblèm katye yo anjeneral.


[2] Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik defini vil kounyeya yo tankou chèflye kominal yo, se definisyon sa a ki fòmèl pou Ayiti. Konsa ou kapab wè kèk chèflye komin ak pi piti pase 1 000 abitan konsidere tankou vil alòske kèk katye ki genyen plis pase 1 000 abitan pa genyen estati sa a.

[3] Thomas, Louis C. 1988. Section rurale ou section communale, subdivision géographique uniquement haïtienne, Editions Henry Deschamps, Port-au-Prince, p. 24.24

[4] Véronique Dorner, « La Décentralisation en Haïti », Bilten APAD [sou entènèt], 15 | 1998, mete sou entènèt nan dat 20 desanm 2006, konsilte nan dat 20 avril 2012. URL : http://apad.revues.org/565.