Akèy | Obsèvatwa Ayiti | Aktivite | Lèt Obsèvatwa | Lèt Obsèvatwa Ayiti 4 | Sekirite an Ayiti: yon dyalòg enposib?

La revue du Groupe URD

Zouti e metod

CHS Norme humanitaire fondamentale (CHS)
Pictogrammme Sigmah Lojisyèl Sigmah
Pictogrammme Reaching Resilience

Reaching Resilience
Pictogrammme brochure Fòmasyon anviwònman
Pictogrammme brochure Dokiman pou patisipan
Pictogrammme COMPAS Metòd COMPAS
Pictogrammme globe terrestre Misyon bon kalite
Pictogrammme PRECIS Humatem Metòd PRECIS

Sekirite an Ayiti: yon dyalòg enposib?
Caroline BROUDIC, septanm 2012

Dènye etid ki reyalize pa twò lontan an Ayiti yo revele yon bon ogmantasyon kriminalite a depi yon lane. Konsa, kantite zak sasinay nan rejyon metwopoliten Pòtoprens la monte soti 15,2% (Kantite krim pou san mil abitan nan Pòtoprens) nan mwa novanm 2011 rive 76,2% nan mwa jiyè 2012 (Enfòmasyon IGARAPE). Si pousantaj zak sasinay sa yo rete enferyè ak pa pi fò gran vil yo nan rejyon an, sa pa anpeche li se pi gwo ogmantasyon ki anrejistre depi 2004. Ant 2006 ak 2009, Ayiti te pwofite annefè yon kalmi politik , sa ki fè kriminalite a te rete nan yon ba nivo ankonparezon ak lòt peyi nan rejyon an. Depi tranbleman tè a sitiyasyon an vin degrade men vyolans sa a pa touche totalite popilasyon ayisyen an menmjan an. Konsidere diferan fòm vyolans yo ak moun ki pi ekspoze yo pèmèt nou alafwa rekonèt prezans ensekirite a nan peyi a san nou pa oblije ap konstwi lejann sou li nan tèt nou. Vyolans lan dwe analize nan tout konplikasyon l yo pou l pa riske tounen yon zouti enstrimantalizasyon, e nou pa dwe restrenn li nonplis tankou yon senp lekti evennman ak chif. Premye pati atik sa a pral apiye l sou rezilta yon seri etid resan pou l abòde relasyon ant estabilite sosyal ak kriminalite. Demach la, apresa, se pral konfwonte analiz sa a ak kèk apwòch sekirite plizyè gwo òganizasyon entènasyonal te reyalize.

Demantibilizasyon sosyal la kòm vektè vyolans

Rezilta ankèt LAPOP [1] yo revele pousantaj viktimizasyon kriminèl [2] la kapab konsidere tankou « mwayen » an Ayiti ankonparezon ak lòt peyi Amerik laten an ak Karayib yo. Moun ki deklare yo te viktim yon zak kriminèl reprezante annefè 19% nan popilasyon peyi a kont prèske yon tyè nan peyi Perou ak Ekwatè. Sepandan, menm ankèt LAPOP sa a revele kriminalite a ak vyolans lan ogmante depi 2010 nan komin tranbleman tè a te frape yo. Konsa, pousantaj viktim yo te monte nan zòn sa yo, ant lane 2008 ak 2010 yo, soti nan 15% pou rive nan 26% [3], sa ki bay yon pousantaj de fwa pi plis pase pa komin ki pa t viktim tranbleman tè a (12,1%). Konsa, remonte kriminalite a pa yon fenomèn ki manifeste menmjan nan tout peyi a, ni nan zòn ki te viktim goudougoudou a pa rapò ak lòt yo.

Li varye annefè yon fason ki pa ka neglije anfonksyon kondisyon lojman moun yo. Plizyè etid montre kijan fanm k ap viv nan kan deplase yo plis ekspoze pou yo viktim agresyon seksyèl ak lòt kalite zak kriminèl, anpatikilye nan premye mwa yo apre katastwòf la. Absans pwoteksyon sa a jwenn yon pati esplikasyon l nan fason moun sa yo ap viv pil sou pil epitou nan fason deplasman yo pwovoke demantibilizasyon fanmi yo ak rezo sosyal yo. Eklatman popilasyon sa a frajilize konfyans moun te gen nan moun e pakonsekan inite sosyal la.

Fòk nou di mank konfyans youn nan lòt sa a an Ayiti pa yon konsekans tranbleman tè a, men se pito prèske yon sistèm. « Ayiti afiche pousantaj konfyans moun nan moun ki pi fèb pami tout peyi ou ka jwenn kalite enfòmasyon sa a sou yo »; dapre rezilta ankèt la, 78% moun ki te reponn kesyon yo estime moun k ap viv nan vwazinaj yo « pa vreman merite konfyans » e menm « pa merite konfyans ditou ». Epoutan, konfyans youn nan lòt la, se limenm ki pou simante lyen sosyal la, solidarite a, men tou estabilite a.

Plizyè etid abòde kesyon fèb konfyans entèpèsonèl la ak nan enstitisyon yo sou yon plan istorik ak sosyolojik tou : « Konfyans pou lòt la ak pou enstitisyon yo ki estriktire rapò sosyal endividi yo angaje yo konsidere kòm youn nan varyab kiltirèl ki pi detèminan nan fòmasyon lyen sosyal yo lè w kite ti sèk fèmen fanmi an » [4] . Rezilta etid Alain Gilles te reyalize nan depatman Sid la [5] konfime ankèt LAPOP la nan fason l montre kijan prèske mwatye nan moun ki te reponn kesyon yo « pa ditou » genyen konfyans nan sosyete a epitou plis pase yon tyè « pa ditou » genyen konfyans nan moun ki abite pwòp katye yo.

 

Tableau1

 

Dapre analiz otè a, lyen sosyal la pa sispann depafini nonpa akòz twò gran vitès ibanizasyon an, men pito akòz pwosesis bidonvilizasyon an ki konsène tout vil nan peyi a kèlkeswa grandè li. Kidonk, genyen alafwa faktè demografik yo (egzòd riral) ak faktè sosyal yo (twò gwo inegalite ak apovrisman klas mwayèn nan). Si, anjeneral, pa gen korelasyon evidan ki egziste ant tay popilasyon vil yo ak nivo krim yo nan milye iben yo, nivo inegalite yo (koyefisyan Gini) [6], bò kote pa yo, gen yon lyen byen sere ak kriminalite a. Ò, Ayiti konsidere tankou peyi nan rejyon an kote gen pi gwo inegalite nan zafè posesyon lajan [7] epitou kote degre konfyans nan enstitisyon yo pi fèb. Konjonksyon diferan karakteristik sa yo kapab abouti nan yon fòm regilasyon doub nivo : yon rekou pi frekan ak vyolans pou regle konfli yo nan vwazinaj la epi yon reseptivite egzajere pou kontestasyon politik atravè patisipasyon nan manifestasyon yo [8]]. Selon Charlier, « estatistik yo egziste, ki pwouve kontrèman ak diskou y ap fè mache sou Ayiti yo, pa genyen plis zak vyolans nan peyi sa a, ni kriminalite pase lòt kote yo, anpatikilye lòt peyi nan Krayib la oswa nan kontinan ameriken an. Diferans la egziste nan fason yo abòde kesyon sa yo epi nan estrikti ki mete anplas pou jere yo ».

Nòmalman, gen lòt fòm vyolans ki egziste an Ayiti, ki gen sitou arevwa ak politik oswa trafik ilegal yo, oswa ankò defans enterè prive (fonsye, komès, lidèchip). Li esansyèl pou analis yo rive disosye yon fason byen klè diferan tip kriminalite yo ak moun ki pi ekspoze ak chak fòm kriminalite sa yo. Yon pi bon lekti t ap pèmèt yon remiz ankesyon fondamantal fason òganizasyon imanitè yo apresye kesyon sekirite a. Kriminalite a, nan yon kontèks tankou pa Ayiti a, pa yon fenomèn avèg; dekripte rasin li yo t ap pèmèt rejte tèz yon « detèminis istorik epi kiltirèl ki ta ap kondui tankou yon fòs envizib, mennen [nasyon ayisyen an] nan vyolans ak krazebrize » [Charlier, 2012].


[1] Latin Public Opinion Project (Vanderbilt University) ; LAPOP la reyalize chak dezan diferan ankèt opinyon nan 26 peyi soukontinan ameriken an ak Karayib yo (an Ayiti tou) / http://www.vanderbilt.edu/lapop/haiti/2010-Haiti-in-Distress-French-v2.pdf

[2] Sondaj victimizasyon yo pi apwopriye pase pousantaj kriminalite yo nan peyi kote soudeklarasyon an enpòtan. Men kesyon ki te regade viktimizasyon kriminèl la : « Èske ou viktim vòl déjà oswa yo kase kay ou, agresyon, rakèt, chantaj, dappiyanp, menas vyolan oswa tout lòt kalite zak kriminèl pandan 12 dènye mwa sa yo? ».

[3] 26% nan moun yo kesyone yo deklare yo viktim yon zak kriminèl déjà pandan 12 dènye mwa yo avan ankèt la.

[4] « Regards sur la violence : Résultats d’enquête », Rachelle Charlier Doucet / Alain Gilles, 2012

[5] « The Social Bond, Conflict and Violence in Haiti », Alain Gilles, PRIO, 2012

[6] Koyefisyan Gini an mezire inegalite revni yo nan yon peyi : chif 0 a reprezante yon egalite pafè (tout revni yo menm) epi chif 1an yon inegalite total (1 sèl moun resevwa tout revni an).

[7] Menmsi pa genyen enfòmasyon resan koyefisyan Gini an (= 0.65 nan lane 2005 dapre Ministè Ekonomi ak Finans). Pou konpare, Koyefisyan an plizoumwen 0.49 anmwayèn pou Amerik Laten an ak Karayib yo epi 0.34 pou peyi OCDE yo.

[8] Enstrimantalizasyon politik kontestasyon an t ap mennen [nasyon ayisyen an] toudwat nan vyolans ak destriksyon [Charlier, 2012